Ede moun Jere tan.

Wenderson Beauchamps, Founder & Project Lead JEREMM

Wenderson Beauchamps

Founder & Project Lead

JEREMM

Kreye solisyon pou pwoblèm reyèl nan sosyete a.

Wenderson Beauchamps se fondatè ak Project Lead JEREMM, yon pwofesyonèl ayisyen ki gen eksperyans nan kominikasyon, jesyon, operasyon ak teknoloji.

Chèche Medikaman Antre nan JEREMM

Filozofi

Paske yon jou, nou menm tou n ap vin zansèt.

Nou vini sou latè, nou pa kòmanse depi nan zewo.

Nou jwenn pye bwa lòt moun te plante, kay lòt moun te bati, liv lòt moun te ekri, konesans lòt moun te devlope, ak solisyon lòt jenerasyon te kreye. Chak jou, nou benefisye de travay moun nou pa konnen, moun nou pa janm rankontre, e pafwa menm moun istwa pa sonje.

Sa fè m konprann ke lavi pa sèlman konsiste nan sèvi ak sa nou jwenn; li mande nou tou pou nou ajoute yon bagay sou sa ki te la deja.

Mwen renmen obsève sosyete a, wè pwoblèm moun ap viv chak jou, epi mande tèt mwen: Èske nou oblije kontinye viv ak pwoblèm sa a konsa? Èske gen yon solisyon nou kapab kreye?

Pou mwen, konesans pran tout sans li lè li kapab sèvi. Teknoloji pran tout valè li lè li kapab rezoud yon pwoblèm reyèl. E yon lide vin enpòtan lè li soti nan tèt nou pou l antre nan lavi moun epi rann yon bagay pi senp, pi rapid oswa pi bon.

Nou pa bezwen rezoud tout pwoblèm mond lan pou lavi nou gen enpak. Men chak fwa lavi ban nou konesans, kapasite ak opòtinite pou nou rezoud yon pwoblèm, nou gen yon chans pou nou kite mond lan ak yon bagay anplis.

Se poutèt sa nou dwe pran responsabilite pou sa n ap kreye, sa n ap ekri, sa n ap di nan radyo ak televizyon, ak modèl n ap mete devan sosyete a. Paske sa nou mete nan mond lan jodi a kapab kontinye viv lè nou menm nou pa la ankò.

Nou te resevwa anpil nan men moun ki te vini anvan nou. Responsablite pa nou se pa sèlman sèvi ak sa yo kite a, men amelyore li, ajoute sou li, epi transmèt yon bagay ki pi itil bay moun k ap vini apre nou.

Paske yon jou, nou menm tou n ap vin zansèt.

— Wenderson Beauchamps

JEREMM, yon ekspresyon konkrè

Yon pwoblèm sosyal reyèl te idantifye: moun k ap pèdi tan presye pou yo ale de famasi an famasi ap chèche medikaman. JEREMM se youn nan fason filozofi sa a pran fòm: sèvi ak teknoloji pou ede kreye yon solisyon pratik.

JEREMM pa garanti rezilta medikal, li pa anpeche lanmò, epi li pa ranplase yon doktè oswa yon famasyen. Li ede moun jwenn enfòmasyon pou yo ka jere tan yo lè y ap chèche medikaman.

Fondatè ak Project Lead JEREMM

Wenderson Beauchamps se yon pwofesyonèl ayisyen ki gen eksperyans nan kominikasyon, jesyon, operasyon ak teknoloji. Li se fondatè ak Project Lead JEREMM, yon pwojè teknolojik ak kominotè ki kòmanse nan Jérémie pou fasilite rechèch medikaman ak aksè ak enfòmasyon sou disponibilite yo.

Eksperyans pwofesyonèl

Pandan karyè li ann Ayiti, Wenderson Beauchamps te sèvi kòm Direktè Relasyon Piblik nan YMCA Haiti. Li te sèvi tou pandan plizyè ane kòm Direktè Operasyon nan Radio Mega Haiti, kote li te travay nan domèn kominikasyon ak operasyon.

Eksperyans sa yo kontribye nan enterè li genyen pou jesyon, kominikasyon, teknoloji ak devlopman solisyon ki kapab reponn ak bezwen konkrè nan kominote yo.

Edikasyon ak teknoloji

Wenderson Beauchamps se kounye a yon etidyan nan Valencia College kote li ap etidye Energy Management and Controls Technology (EMCT), yon pwogram ki gen rapò ak sistèm kontwòl, teknoloji ak jesyon enèji.

Kreyasyon JEREMM

Nan mwa out 2026, apre yon sitiyasyon nan Jérémie ki te soulve kesyon sou difikilte moun ka rankontre lè y ap chèche yon medikaman, Wenderson Beauchamps te kòmanse devlope JEREMM.

Objektif la se sèvi ak teknoloji pou ede diminye tan moun pase ap chèche medikaman epi fasilite koneksyon ant moun k ap chèche medikaman ak famasi k ap patisipe yo.

JEREMM kòmanse ak yon konsantrasyon sou Jérémie ak Grand'Anse, pandan pwojè a ap kontinye devlope ansanm ak volontè, famasi ak kominote a.

Yon vizyon kote teknoloji sèvi kominote a

Pou Wenderson Beauchamps, JEREMM reprezante yon fason pou mete teknoloji nan sèvis yon bezwen konkrè: ede moun jwenn enfòmasyon ki kapab fè rechèch medikaman yo pi senp epi pi rapid.

JEREMM - Jere moun.

Ede moun Jere tan.